Abstract

Abstract:

Atik sa a mete toutouni èd entènasyonal atravè pwojè devlopman ONG yo ki pa kadre ak bezwen komin Pòsali, epi entèvansyon dwategòch aktè imanitè yo anvan ak apre siklòn matye. Konsa, èd imanitè rive ride nou dekouvri kouman aktè lokal yo kapab sèvi avè l pou grandi kapital senbolik ak politik yo, kreye yon divizyon geyografik ki chita nan bay èd ak moun pa yo oswa poze aksyon nan zòn pa yo, kidonk chak kòk wa nan baskou yo. Tandans sa a gen yon baz fanatis, kliyantelis ak pwopagandis ki anjandre inegalite ak eksklizyon sosyal. Konsa, atik sa ap analize nati aksyon aktè imanitè yo ak Otorite lokal yo epi tabli relasyon ki egziste ant de enstans sa yo. An gwo, demach sa a ap pèmèt nou rive konprann yon paradòks dinamik ki egziste nan komin nan epi ki bay nesans ak yon andikap pou aplikasyon politik piblik yo.

pdf

Share