Abstract

Pa twò lontan kon sa, yon zanmi m t ap rakonte m yon istwa kote li te gen pou l al entèprete pou yon gwoup Ayisyen ki te gen nesesite medikal. Ayisyen sa yo te chwazi pou yo te gen yon entèprèt ki pale Fransè. Men, lèmoman an te rive pou entèpretasyon fèt an Fransè, Ayisyen sa yo pa t fouti kenbe yon konvèsasyon ki gen sibstans. Men pou ki sa yo te chwazi di ke se Fransè yo pale olye Kreyòl? Lè n ap analize sosyete Ayisyen an, menm fenomèn sa a egziste nan tout nivo. Sa fè nou panse a yon efè sikolojik ki rele “menas sou stereyotip”. Fenomèn sa a esplike menas sosyo-sikolojik ke yon moun esperyanse lè l ap pèfòme nan nenpòt sitiyasyon ki ka mete limyè sou yon stereyotip negatif ke sosyete a te deja genyen sou gwoup sosyal moun sa a. Steele fè konnen ke lè yon endividi idantifye tèt li ak yon gwoup kote gen yon stereyotip negatif ki te deja aplike sou gwoup sila a, moun sa a santi l menase tout otan ke l ta gen pou l ta fè moun konnen ke li fè pati gwoup sa. Menas sila a ka afekte pèfòmans akademik, sosyal, espòtif, elatriye, pou nenpòt moun ki fè pati yon gwoup ki gen stereyotip negatif sou do l. Kidonk moun ke zanmi an t ap pale nou an te wont di li pale Kreyòl pou l te ka evite konfimeke l fè pati yon gwoup ki kreyolofòn akòz stereyotip ki fè pwopagann ke moun ki pale Kreyòl pa edike. Lè yon moun kontinye ap fè fas kare ak stereyotip negatif sa yo, sa vin lage moun lan nan yon andikap kont pwòp tèt li; paregzanp, moun sa a ke m te mansyone nan entwodiksyon an te prefere di l pale Fransè pandan li pa konn pale l vre.

pdf

Share