In lieu of an abstract, here is a brief excerpt of the content:

  • Etnografi de (2) dans rityèl nan Vodou ayisyen
  • Ronite Louima

Entwodiksyon

Depi mwen toupiti, mwen renmen danse. Nan lekòl primè, mwen te toujou nan gwoup timoun k ap danse sou sèn (ki ap jwe nan koregrafi). Kèk tan aprè, mwen rantre nan yon twoup folklorik kote yon zanmi mete mwen an kontak avèk Teyat Nasyonal Dayiti. An aprè, mwen vin frekante twoup Tanboula Dayiti, lekòl dans Vivianne Gauthier, EDCom (konpayi dans ak ekspresyon), Twoup Bazilik Kreyol ak lòt. Sa fè mwen pase anpil tan ap danse diferan dans folklorik nou yo sou sèn, patisipe nan espektak . . . Se epòk sa tou, defen pwofesè teyatwològ- etnològ Gerard Resil aprann nou diferansye dans ki nan peyi a selon analiz etnològ dansè Michel Lamatinière Honorat ki separe dans nou yo konsa : « les danses sacrées, les danses profanes, les danses profanées ».1 Lè mwen rantre lekòl nòmal preskolè, ansanm travay yap montre nou fè sou psikomotrisite fè mwen sonje tout mouvman dans fòlklorik mwen konnen yo ; epi, sou konsèy pwofesè dans Vivianne Gauthier, mwen fè dènye travay pou diplòm mwen an sou wòl dans nan edikasyon timoun. Sa ki fè mwen pase plis ke yon deseni nan ansèyman dans nan lekòl preskole ak primè jiskaske mwen rantre nan Fakilte Etnoloji.

Fakilte Etnoloji pral fè m dekouvri dans sou yon lòt aspè.

Nan lane 2007, pou fèt Pak, pou premye fwa nan lavi mwen, mwen te ale sou teren avèk yon gwoup etidyan Fakilte Etnoloji. Konsa, nou fè Kalvè Mirak,2 vandredi sen, nan komin Gantye, epi, aprè, nou rantre lakou Souvenans nan Gonayiv. Etonman nou te fò devan fason Ayisyen ap viv lavi espirityèl yo, melanje ak pasyon vizib ki lakay yo pou dans. Kesyonman koumanse monte nan tèt mwen devan-dèyè, lè mwen tap gade kantite rara ki tap taye banda sou wout nasyonal nimewo 1 ki mennen nan Nò peyi a. Nou swiv wout la, malgre tout boulvèsman nou te genyen nan lespri nou, jiskaske pwofesè nou ki te akonpaye nou nan lakou Souvnans vin rankontre nou. Pwofesè Jean Yves Blot pran nou sou responsabilite li, [End Page 126] li gide nou e li mennen nou vizite twa (3) lakou nasyonal nan Gonayiv ki se : « lakou Souvenans, lakou Badjo ak lakou Soukri ».

Lakou souvenans, eritye rityèl Dahomey, montre mwen gade Vodou sou yon aspè mwen pa konn gade avan. Yo te montre m Vodou kòm yon move bagay, yon kote moun serye pa dwe frekante. Nan tèt pa mwen se vye granmoun sèlman Vodou kenbe. Kidonk, li pa lwen pou li disparèt nan peyi a lè tout vye granmoun sa yo fin mouri. Pap gen pèsonn ki pral pratike Vodou. Sitou ak kantite konvèsyon kap fèt chak jou nan legliz, nan kwazad; kantite gwo legliz kap konstwi nan gran vil yo pa pèmèt nou mezire pwa Vodou a nan mitan pèp ayisyen an. Premye teren sa a mwen te fè avèk Pwofesè Blot make mwen anpil. Sa fè m dekouvri pwa Vodou a nan peyi a. Mwen te viv tou pou la premyè fwa, pwa dans lan nan Vodou.

Premye eksperyans sa a te mennen m al fouye liv pou mwen wè ki sa Etnològ yo di sou dans nan Vodou. Jean Price-Mars eksite kiryozite nou nan Ainsi parla l’oncle lè l ap pale sou atachman pèp ayisyen genyen avèk dans an jeneral, kote li ale pi lwen lè li eksplike nou atachman ras nwa genyen ak dans andedan relijyon yo.3 Nan Le Vaudou haitien, Alfred Métraux pale sou dans nan Vodou nan sèlman yon paj edmi. Epi, sa li di sou dans se yon rale sou kèk dans ki pi kouran nan mond atistik ayisyen an, ki soti nan Vodou a epi ki klase kòm dans rityèl.4 Nan La Tradition Voudoo et le Voudoo haitien, Milo Rigaud fè yon ti pale sou dans nan Vodou nan de (2) paj (li pa fin rive de paj n...

pdf

Share