In lieu of an abstract, here is a brief excerpt of the content:

Reviewed by:
  • Ti dife boule sou istwa Ayiti by Michel-Rolph Trouillot, and: Originally published as Ti difé boulé sou istoua Ayiti by Michel-Rolph Trouillot
  • Jocelyne Trouillot-Lévy
Ti dife boule sou istwa Ayiti. By Michel-Rolph Trouillot. Port-au-Prince: Edisyon KIK, Inivèsite Karayib, 2012. OCLC Number 828146748. 135pp. $20.00 paperback.
Originally published as Ti difé boulé sou istoua Ayiti. By Michel-Rolph Trouillot. Brooklyn, NY: Kóleksion Lakensièl, 1977. OCLC Number 5327091. 221pp.

Ti dife boule sou istwa Ayiti, yon klasik pami klasik

Istwa se pa rakontay, se yon makonn poukisa ki fè Ti difé boulé nan zantray yon sosyete.

Michel-Rolph Trouillot

Ti dife boule sou istwa Ayiti parèt nan ane 1977 pandan Michel-Rolph Trouillot t ap viv Ozetazini. Nan gam liv otè a ekri, Ti dife boule sou istwa Ayiti (abreje TDB nan tèks sa a) okipe yon plas apa. Se premye liv otè a, men se sitou premye liv sou istwa peyi a ki ekri nan fason sa a, nan lang kreyòl, anplis nan yon estil orijinal kote lide syantifik marye ak bèlte literati. Sitiyasyon espesyal peyi a t ap viv nan epòk piblikasyon liv la montre tou enpòtans li. Nan paj lektè a pral li yo, n ap prezante rezon ki esplike pouki nou dwe konsidere TDB kòm yon klasik nan lekòl segondè ak nan inivesite.

TDB chita sou plizyè prensip metodolojik pou li prezante yon analiz syantifik sou yon peryòd istorik ki enpòtan anpil nan evolisyon peyi d Ayiti : peryòd boulvèsman ki pral abouti ak endepandans peyi a. Otè a pa senpleman retounen sou fè yo. Li analize yo selon rapò kòz ak konsekans, kòz ki makonnen youn ak lòt. Apa ansyen sous ekri istwa tradisyonèl yo, depi Madyou, Adwen, Sen Remi jiska Foucha, an pasan pa (Enòk) Twouyo, ouswa Chèlchè, M. R Trouillot vini ak nouvo sous pou kore analiz li yo. Nou vle konprann nan moman otè a te aletranje, li te vin jwenn posiblite—nou nan epòk anvan entènèt—konsilte travay ki te parèt nan lang angle sèten istoryen ki te nan peyi a pa t ka jwenn. Liv la fini tou ak yon bibliografi solid ki kore etid la.

Men sa ki te pi enpòtan nan analiz sa a, se baz teorik ak ideololjik otè a te chwazi. Pi fò istoryen ayisyen yo pa t antre teori maksis la nan analiz yo nan epòk sa a. Malgre mouvman 1946 la, malgre maksis la t [End Page 172] ap pwenti tèt li ak kreasyon pati kominis ayisyen an, anpil istoryen te rete nan analiz tradisyonèl la, san yo pa rantre nan nannan kesyon yo. M. R. Trouillot ekri :

Anpil pwofesè sètifika fè tout timoun lekòl konnen te gen twa klas nan Sendomeng : blan, esklav ak afranchi. E se pa fòt pwofesè yo . . . se sa yo te aprann lekòl, se sa ki nan liv la. Men mezanmi, si n reflechi, n ap wè non klas yo depaman. Lò yon moun montre m yon blan, mwen poko konnen sa blan sa a ap remèt nan sosyete a. Èske l se komèsan ? Èske l se pwofesè ?

(TDB 7)

Nan kad analiz li a, otè a retounen sou denominasyon tradisyonèl liv istwa yo pou li chita plis sou enpòtans klas sosyal yo, wòl yo nan ekonomi an :

Gen de lè zòt pa di milat, li di afranchi (osnon nèg lib). Sa pa pi mal. Se yon pwogrè. Men se poko pawòl la sa. Lè mwen konnen Jak se nèg lib, mwen sèten se pa yon esklav. Men mwen poko konnen toujou si l ap mache mande charite osnon si l ap bwote chay. Li se nèg lib, ok. Èske l se kòdonye ? Èske l gen bitasyon ?

(TDB 8)

Nan analiz sosyete Sendomeng otè a prezante a, nou ka santi enfliyans teorisyen maksis tankou Granmchi ak Poulantza, men aplikasyon teori sa yo toujou gen yon diplis orijinal. An nou suiv prezantasyon klas mwayèn...

pdf

Additional Information

ISSN
2333-7311
Print ISSN
1090-3488
Pages
pp. 172-177
Launched on MUSE
2014-04-25
Open Access
No
Back To Top

This website uses cookies to ensure you get the best experience on our website. Without cookies your experience may not be seamless.