In lieu of an abstract, here is a brief excerpt of the content:

  • Lyrics: “Chante”, and: “Zanmi”
  • Tanbou Libète

“Chante”

Chante se chak timoun ki leve douvanjouDe gwomit ak kafe timoso rapadouSe lè solèy kouche se lè lalin nan bèlLè lanmè louvri bra l pou l atrap lakansyèlSon w ti womans lontan manman mwen te montre mSe timoun k ap fè wonn lè lekòl fin lageChante se pou mwen di w mwen renmen w kou de je mSe lè kè mwen kontan se lè m anvi danse

Chante se siye je chak fwa n anvi kriyeSe litani tout moun k ap viv ak kè kaseKriye pou lantèman kap chante KatedralChante pou tout pitit ki fèk pèdi papa lChante se chak grangou lamizè k ap donnenChante se vwa lapenn lè lanmou ap fennenFennen tankou vye nat pandye sou lantourayGrangou kou travayè lè rekòlt la pa bay

Chante se vwa you pèp depi tout tan gen tanChak timoun ki leve ap pote l pi devanNan chak ti fèt chanpèt li grandi l vin pi bèlApre chak kout tanbou k sonnen anba tonnèlChak banbou ki gwonde se vanse l ap vanseLi pouse nan chak kont ki tire nan veyeChante se vwa you pèp depi sou granchimenChante se vwa you pèp k ap plede pou demen

Chante s on gwo limyè pou fè lespwa grandiS on chimen n ap pase ki mennen bay fiziChante anba Vètyè: grenadye alasoFizi pou louvri pòt tout lasnal tout kachoChante pou jou k pwale chante pou jou k viniChante pou rejwisans jou libète fleriChante k ap di goumen pou lavi a vin bèlChante k ap vin pi bèl lè lavi a fin bèl [End Page 165]

“Zanmi”

You flè met ak you flè pou fè you bouke flèDe gout dlo met ansanm pou yo fè larivyèZanmi yo mwen renmen nou avèk nou m santi m byenN ap kole tèt ansanm pou nou bati demenGendelè nou chita pèsonn pa di anyenYoun konn sa k lan kè lòt se je nou k ap paleNan chimen lamitye n ap mache men nan menNou vanse pi devan depi lè n te kontre

You branch met ak you branch pou yo fè you pyebwaLalin met ak zetwal pou yo sènen fènwaZanmi yo mwen renmen nou mwen menm avè n se frèLè tout chagren kontre tout chagren pi lejèLè m gade mwen wè w tris mwen menm m anvi kriyeLapenn s on w ponyen pwav pou nou tout separeLè youn lan nou mouri mwen pran odè kavoLè youn lan nou pati se kè m ki janbe dlo

Lè de zwezo kontre se syèl la k vin pi bèlLanmè bo ak solèy pou yo fè lakansyèlZanmi yo mwen renmen nou avèk nou m ka souriDe men kontre sa bèl sa fè lavi fleriChak sa n reyalize se mwen menm ki vanseLè mwen tonbe lan wout nou tout nou kilbiteSa k fè lamitye bèl se sa n ap fè ansanmSe sa nou kwè ladann se tout sa n ap defann

Tout fanmi met ansanm pou yo fè you nasyonTout fizi met ansanm pou fè revolisyonZanmi yo mwen renmen nou n ap travay pou menm kòzLamitye pa mande pou n chita kèpòpòzChak fwa nou fon w zanmi s on w lòt fizi k pwenteChak fanm ki deside se viktwa a ki pi preZanmi ann bay lanmen pou libète fleriLè libète fleri n a vin pi bon zanmi [End Page 166]

...

pdf

Share