In lieu of an abstract, here is a brief excerpt of the content:

  • Tanbou Libète : Yon Eksperyans kiltirèl patriyotik1
  • Guy-Gérald Ménard

Nan fen lane 60 yo, mwen kwaze Nouyòk ak Michel-Rolph (Roro) Trouillot ki t ap jwe òg epi chante nan « Les Ménestrels, » yon gwoup mizikal li te fòme pou fè moun danse. Se la talan konpozitè li kòmanse afime l. Antretan lyen familyal nou te ranfòse e sa te rapwoche nou anpil. Ansanm, nou te vin rankontre avèk Paddy Poux (yon ansyen pè ki te konn dirije « Rallye de l’effort » Ti Seminè Kolèj Sen Masyal ann Ayiti, kote nou te manm) e nou ede li kreye yon lòt gwoup jenn ki pote non « La Cordée. » Objektif gwoup sa a, menm jan ak rali a, se te ankouraje jenn yo reflechi sou tèt yo, sou sosyete a ak wòl yo chwazi jwe nan lavi a. Se te yon okazyon pou Roro pwouve lidèchip li. Li te envesti tèt li nètale nan konsepsyon ak direksyon revi gwoup la. Konsa tou li te demontre kapasite ak dinamis li te genyen pou pwodui tèks epi planifye aktivite.

Sikonstans te pèmèt nou kontinye devlope pratik ansanm anndan gwoup kiltirèl Tanbou Libète lan kòmansman ane 70 yo, nan yon moman kote non sèlman lemonn te an boulvès, men sitou kote lide ak batay pou chanjman te gaye toupatou. Nouvèl rezistans mas eksplwate yo kont opresyon oligachi lokal yo, lit mouvman liberasyon peyi ki te toujou anba jouk kolonizasyon, san konte batay revolisyonè peyi tyèmonn t ap mennen kont dominasyon enperyalis te lan tout medya. Lè sa a, lese frape ant blòk kapitalis la ak blòk sosyalis la, ki t ap sipòte leve kanpe sa yo an jeneral, te lan pi wo nivo l.

Kontèks nasyonal

Ann Ayiti peyi a t ap debat ak yon diktati fewòs ki te fòse anpil jenn gason ak jenn fanm pran egzil e ankouraje yon bann pwofesè ak lòt pwofesyonèl pati al ann Afrik, epi lòt kote ak konplisite òganizasyon nasyonzini. Rejim makout la pat gen lontan depi li te ekstèminen komite santral PUCH (Parti Unifié des Communistes Haïtiens) la, an 1969, avèk konkou CIA : ajans espyonaj ameriken an. Apre represyon sovaj sa a, anpil militan pwogresis te retwouve yo swa ann Ewòp swa Amerik Dinò. [End Page 160]

Kontèks entènasyonal

Apati 1960, endepandans Repiblik Demokratik Kongo anba lidèchip Patrice Lumumba pral akselere mouvman dekolonizasyon nan tout kòn Afrik la. Sou kontinan Azi a, soti 1963 pou rive 1975, pèp vyetnamyen an ap mennen yon lit rezistans ewoyik kont sòlda meriken yo jis yo gen laviktwa sou fòs anvayisè yo. Tousuit apre, Kanbòdj ak Lawòs pral libere.

Pandanstan, Palestinyen yo pral entansifye batay yo kont Izrayèl apre lagè izrayelo-arab 1967 la kote syonis yo fè dappiyanp sou yon bann teritwa arab. Kontinan ewopeyen an limenm ap tounen teyat kidnaping ak sabotaj teworis Lame Wouj, separatis Bask ak Lame Revolisyonè Ilann. Bò pa yo, etidyan ak ouvriye fransè òganize dezobeyisans sivil ak yon seri manifestasyon kont sistèm edikatif ak sistèm politik anplas la an me 1968.

Lan Amerik Latin menm, mouvman geriya t ap sakaje diktati plizyè peyi. Li merite pou nou mansyonnen de evennman. Youn se eleksyon platfòm Inite Popilè a an 1973, ki te pèmèt Chili viv yon eksperyans sosyalis pou yon ti bout tan, anvan lame reyaksyonè Jeneral Pinochè a mete yon fen brital nan gouvènman Salvador Allende a twazan apre. Dezyèm nan se viktwa fòs revolisyonè Sandinis yo kont diktati Anastasio Somoza a an 1975.

Nan peyi Etazini, plizyè mouvman te pran chè nan deseni 60 ak 70 yo. Nou ka site : mouvman kominote afwo ameriken yo pou reklame epi defann dwa sivik yo avèk Martin Luther King epi Malcom X ; rezistans ame Black Panthers Party ; mouvman etidyan pou yon sosyete demokratik ; mouvman pou liberasyon fanm (nan kad lit pou egalite fanm ak gason) ; mouvman pou liberasyon Angela Davis, ki te reprezante senbòl lit...

pdf

Share