Abstract

Abstract:

Inisyativ MIT-Ayiti se yon pwojè « men anpil, chay pa lou » kote edikatè nan MIT ak ann Ayiti mete tèt yo ansanm pou pataje epi pwofonde espètiz nan plizyè domèn : Syans, Teknoloji, Enjeniri ak Matematik (« S.T.En.M. ») ; pedagoji entèraktif ki sèvi ak teknoloji edikatif ansanm ak lòt materyèl an kreyòl ; Resous Edikatif Lib (sa yo rele « Open Education Resources » ann angle). Inisyativ MIT-Ayiti ap devlope epi evalye resous sa yo pou nou pataje yo avèk anseyan epi etidyan ann Ayiti nan lespri pou teknik pedagojik modèn ak lòt resous ki djanm e ki an kreyòl rive entegre estrateji pou fòmasyon anseyan tou patou nan peyi a. Epi tou, travay sa a ap amelyore pwogram akademik ansanm ak materyèl pou ansèyman ak aprantisaj S.T.En.M. ann Ayiti. Kon sa, Inisyativ sa a konbine twa faktè inovatif (« twa wòch dife ») pou amelyore edikasyon ann Ayiti: (i) pedagoji pou aprantisaj entèraktif ; (ii) lang matènèl ; (iii) resous nimerik lib ak lòt teknoloji. Chak nan twa faktè sa yo gentan fè prèv yo nan amelyorasyon aprantisaj tou patou nan lemonn. Kanta aprantisaj entèraktif ki chita sou teknoloji avèk resous nimerik lib, MIT se yon lidè nan domèn sa a—avèk platfòm tankou MITx epi edX : https://www.edx.org/. Epi metòd sa yo deja bay bon jan rannman nan gran inivèsite tankou MIT epi nan lòt gran enstitisyon k ap fè rechèch nan syans edikasyon. Atik sa a pral esplike kote Inisyativ la soti, kote li prale e kote li vle rive. N ap tou pwofite pataje kèk lide sou ki jan inivèsite ann Ayiti (kit se inivèsite prive, kit se inivèsite piblik) ka antre byen fon nan avansman Inisyativ la—pou ni inivèsite sa yo, ni peyi a, ni MIT rive fè « dekabès » nan kolaborasyon sa a.

pdf

Share